Dan Di [Kanaval 2016]-T-Vice

Genre-Kanaval
Year-2016
Produced By-Reynaldo Martino

[Intro]
Tout sòlda reyini
Finalman ane sa a, yo afiche yo nan wayòm lòbèy la
Nou genyen Rèn Chonchon e Tchoul Shabba
Oh m te pase se te on ti wa a on bifèt wi
Tout moun ap rele yo bouke (2016)
Tout bagay vin politize nan peyi sa (dan di)
Dola US ap monte bwa, men se nou tout kap peye sa
Mezanmi nou di nou bouke
Radio tele yon sèl bagay yap difize (woy, woy nou pap lage)
Men lajenès kanpe a kwa
hey
Epòk kanaval la rive – hey hey pa anmède m
Se moman pou nou defoule – hey hey pa anmède m
Pa vin mande m pou m sabote tout yon pèp ki anvi fete– hey hey pa anmède m
Kite m chill kite m vibe, kite m chill nan peyi sa (3x)
Ayisyen rele sou kò w
Rele sou kò w (4x)
Ay ay ayayay, yo pa ka fè l konsa
Men orijinal la
ay ay ayayay hey hey hey
Chanmas – si w ap dòmi fò w reveye w
Chanmas o, Vice2k vin Mete w nan zen
[2x]
Si w vle tande zen sa – frape men nou bow bow (2x)
Si w anvi tande l leve de men n anlè
Frape men nou (8x)
Woy woy kale dada w (4x)
Woy woy ou mèt kale dada w

Chanmas – si w ap dòmi fò w reveye w
Chanmas pral pran dife wo, Vice2k vin Mete w nan zen
Chanmas – si w ap dòmi fò w reveye w
Chanmas mwen pale wo, Vice2k vin Mete w nan zen
[2x]

Si w vle tande zen sa – frape men nou bow bow (2x)
Si w anvi tande l leve de men n anlè
Frape men nou (8x)

Woy woy, kale dada w (Mache Ti Tony)
Woy woy ou mèt kale dada w (Richard Store)

Nou tou limen n anraje
N anraje (4x)
Pa pè vagabon
[Guitar groove]

Wey
Rale kò w (5x)
Depi w pa woz e jon, rale kò w, retire kò w

[Guitar groove]

Sogener
Sòlda T-Vice yo an n chante
Mèt beton pa janm pèdi batay (4x)
Seleksyon nasyonal la, bravo
Djazz de l’été et djazz de l’année

Atake (3x) hey hey
Chak ane wap fè djòlè tankou ti bèkèkè
Depi w rive chanmas, elikoptè a ou vòlè
M pap kite l pou yo – non (3x)
Tonnè - Pa gen ah ah konsa
T-Vice s on mitrayèt – wi
Fanatik yo se gachèt la – wi
Depi n kwaze a kamoken n ap fout tire sou yo
Klata klata klataw bow (4x)
Zakataka (4x)
Wey
Bare vòlè, Djakout la plen vòlè (4x)

Rhum Barbancourt
Boston United
Frèchè Lokal

T-Vice s on mitrayèt – wi
Fanatik yo se gachèt la – wi
Depi n kwaze a kamoken n ap fout tire sou yo
Klata klata klataw bow (4x)
Zakataka (4x)
Wey

Bare vòlè, Djakout la plen vòlè (4x)
Batri LTH
TicketZone, m te pale w


Lòbey la depacha
Malonèt oh gad jan w malonèt oh (men bon melodi tande zanmi)
Ou konnen dread la fini, ou paka konte sou li
Lè l ap chante moun se ri yap ri (ou tounen on kloun)
Malonèt oh gad jan w malonèt oh
Ti Khé te vin ba w lavi, li retire w nan lapli
Ou fè dezan w ap eksplwate li
Jouk li revandike, li fout demisyone, ou tounnen nan kouri
Ahaha voye (2x) – gad janw pran nan mera
Ahaha voye (2x) – pou 150 dola
Ahaha voye (2x) – ou tonbe sou bouda
Ahaha voye (2x) – li nan tout lari a
Shabba se tchoul Micky – o yes
Shabba se tchoul Micky
Shabba se tchoul Micky – hahaha
Sispann souse dada Micky
Oh oh oh (repeat)
Woy woy, ti grate
Woy woy, ou pa ka fè m pè
Tout mal ou fè sou latè w ap peye l (ou mele piti)
Pou jan ou te pale sou do Bèto
[2x]
Woy woy woy
Depi nou santi chalè – tou lè bagay anlè
Leve tout bagay anlè – tou lè bagay anlè
Leve chemiz anlè
Chemiz anlè (8x)
Eya lala (6x)
El Criolito, men van vakyòm nan
[Interlude]
Nou sou radyo kanaval la nou gen avè Shabibi, Steeve Khe epi ti lepè a
Ou menm Shabibi sa w gen pou w di
Se Shabba k ap pale la, nou konnen mwen menm pa gen limit, gen de lè m rete m sòt
Steeve fè 10,000 dola ameriken nan Djakout, ok.. mwa Dout la sèlman
Ou menm Steeve Khé saw panse de bagay sa ?
Shabba ou manti, ou bay manti, ok. Ou bay manti
Ou menm ti lepè a menm sa w panse?
Le le le le je suis fatigue mais je ne suis pas regrette d’etre fatigué et il faut applaudisser pratiquement les bands
(hahaha gade on bann abolotcho)
Chak ane wap fè djòlè tankou on ti bèkèkè
Depi w rive chanmas, elikoptè a ou vòlè
M pap kite l pou yo – non (3x)
Pa gen ah ah konsa

T-Vice s on mitrayèt – wi
Fanatik yo se gachèt la – wi
Depi n kwaze a kamoken n ap fout tire sou yo
Klata klata klataw bow (4x)
Zakataka (4x)
Wey
Bare vòlè, Djakout ape vòlè (4x)
MSC
Alo Bouboul, li gen pou l kite

Rewind
N anraje (4x)
Pa pè vagabon

[Guitar groove]
Rale kò w ()

Ann pou Steeve Khe pa t mande chanm li pou kont li, bon tout djaz sa a gen pye mayas